Plan Retou Imanitè a ta pral vle di yon èd pou kominote ayisyèn nan, men pou Mackendy Florestal, yon imigran Ayisyen nan Chili, se te yon kochma. Responsab biwo imigrasyon ak Polis entènasyonal yo di genyen yon dokiman ki pwouve moun ka kite peyi a nan yon vòl fòs ame chilyèn nan FACh aprè li fin aksepte antre nan plan an. Men, Florestal gen yon tikè avyon nan menl ki pwouve le kontrè. Sa se istwa youn nan 1.594 Ayisyen ki malgre yo te enskri nan pwogram nan te deside pa pran avyon ke gouvènman an te ofri yo e lite kont leta ki patap pèmèt yo pile tè peyi chili yon lòt fwa ankò.
Moun ki ekril so se: Simona Paranhos, Valentina Contreras e Ignacio Aguirre
Tradwi pa Julio Rubens Moricette
Aprè kenz èd de tan vòl depi Pòtoprens, Ayiti, jou ki te 19 janvye 2020 an, Mackendy Florestal (31), ki se Ayisyen, te rive nan ayopò entènasyonal Arturo Merino Benítez nan Santiago. Se te dezyèm fwa l nan peyi a , men fwa sa li pat konnen sil tap pase yon sèl jou sou teritwa Chili an. Sanl pat konprann sak tap pase a, Florestal te soti nan biwo imigrasyon an pou yo te mennel nan yon ti chanm vid. Li te pase 17 è de tan san aksè ak twalèt , kabann, lamanjay, sèlman li te nan yon tichanm fèmen, yo te pèmèt li fè yon apèl ak yon zanmil Jesús (34), yon lòt Ayisyen ki tap viv Concepción, nou chanje nonl poun gade idantitel sekrè .
– ¿Mackendy?
– Jesús, edem silvouplè , yo kenbem nan ayopò a mwen pa konnen poukisa. Yo vle voye m Ayiti , tanpri vin edem.
Nan demen maten yo depòte Florestal, paske yo te gen yon akò li te siyen jou li tap enskri nan plan retou imanitè a ki te di ke li pa tap ka tounen Chili avan 9 lane. Florestal te siyen dokiman sa, men li pat janm moute avyon fòs Ayeryèn peyi chili a, ak leta chilyen an. li te kite peyi a ak mwayen pal jou ki te 10 Desanm 2019 la, prèske sèt mwa aprè dènye vòl plan imanitè a pou Pòtoprens.
Plan imanitè Piñera a
Prèske en an edmi aprè yo te depote Florestal la, jou ki te 30 dawou 2018 la, gouvènman Sebastián Piñera te anonse plan imanitè pou retounen an , pwogram sa te fèt pou imigran Ayisyen yo ki te vle, jwenn yon mwayen pou retounen gratis nan peyi yo atravè vòl FACh yo. Mezi sa te pran nan kad “enterè nasyonal , pou bay peyi a yon imigrasyon ki òdone, regilye epi ki asire” jou ki te 26 oktòb 2018 la. Sepandan, pwogram nan te fèt a kondisyon si yon moun patisipe li pap ka tounen nan peyi a avan 9 lane.
Plan retou imanitè a te fèt avèk anpil iregilarite ladanl , avèk moun tankou Florestal, menm si yo te siyen pwogram nan , men yo pat janm pran itilize mwayen sa pou tounen nan peyi yo. Sa fè gen plis kritik, plan sa te konsidere tankou yon plan diskriminatwa pou favorize “enterè” yo sitou sou imigran Ayisyen.
Vini Mackendy Florestal Nan Chili
Mackendy Florestal ki se desandan afriken , gran tay, karakteristik fò, li koupe chevel kout, malgre kèk nan misk li yo parèt , li pa gwo nèg. li pa renmen pale, li pa pale espanyòl. li te fèt Pòtoprens, Ayiti, premye fwa li te vini Chili se te 22 Janvye 2018 pou chache yon lavi miyò.
“li te vini Chili pou li ka ede fanmil” daprè Martine Augustin (36), zanmi Florestal depi Ayiti, ki limenm tou te vin Chili pou chache lavi. premye mwa nan Chili yo pat fasil ditou. Li pat ka jwenn travay ak opòtinite pou jwenn viza.“li pat gen kanè nan Chili” Jesus eksplike ke sitiyasyon an te trè difisil pou zanmil lan, ki te fin depanse tout kòb li te genyen li pat rete anyen nan menl pou fonksyone nan peyi a.
Imigre , yo nouvo depa
kite peyi Dayiti poun vin viv nan Chili pa bagay ki fasil, se konsa Ximena Vial ki se yon lisansye nan istwa nan Pontifika Inivesite katolik nan Chili e li se pwofese nan Inivesite Diego Portales , fè konnen si nap fè yon konparezon ant de pèp yo.“Nou pa pale menm lang, nou pa pratike menm relijyon, orijin nou, diferan etnik, sosyolojik ak ras nou diferan” daprè sal di. Se poutèt sa, Vial kwè li enpòtan poun konprann kisa ki favorize moun yo vini bò isit, nan sans sa ,li eseye pote kèk repons.
Selon istoryèn nan, avan Oktòb 2019, tout moun te wè Chili tankou yon ekonomi ki estab, se te yon opòtinite pou kominote imigran yo, se pa sèlman pou imigran Ayisyen, men pou lòt peyi tankou Perou ak Venezyela. “Chili gen anpil travay ba pri e nivo chomaj la pat twò wo avèk anpil imigran ke nou te resevwa” daprè sa Vial fè konnen.
Nan menm kontèks sa, kominote Ayisyèn nan Chili prezante yon seri limitasyon ki metel an difikilte poul entegrel nan sosyete a e menm sibi diskriminasyon. Ximena Vial esplike premye baryè pou yon sitwayen Ayisyen se mank konesans sou fonksyonman esntistisyon peyi a, gen aksè pou la sante oubyen posede yon kay vin pi konplike e menm gen mwayen pou sibi abi.
“imigran blan yo fasil pou twonpe , Ayisyen yo pi fasil toujou paske yo pa pale lang lan”
Rubens Moricette, ki se yon siwayen Ayisyen kap viv depi 4 lane nan peyi Chili, rann kont sou abi ki genyen pou posede yon kay pou viv, pri lwaye yo ki elve pou imigran yo. “ Nou oblije lwe yon ti pyès pou n viv, dèfwa nou peye pi chè ke pou yon kay nòmal, daprè li.
Daprè yon rapò sou estatistik migratwa enstiti nasyonal estatistik (INE) ak biwo afè etranjè ak imigrasyon (DEM), yo estime nonb Ayisyen kap viv Chili nan dat 31 Desanm 2019 la te estime a 185.865 moun, ki koresponn a 12,45% total pami imigran nan kap viv nan Chili.
Yon plan Retou pou Mackendy
Menm moman Mackendy tap chache travay san rete, gouvènman an te anonse plan retou imanitè a, ke yo te envite sèlman sitwayen Ayisyen yo pou al enskri.
Plan sa te fèt nan yon seri mezi prezidan Sebastian Piñera te pran nan plan gouvèman l lan pou ane 2018-2022 a kotel te prezante yon pwojè lwa sou imigrasyon ke l te rele “Nap mete lòd lakay nou”.
Nouvèl sa a se te sèl solisyon pou Florestal nan moman an, kotel te deside siyen plan an kay notè nan vil Concepción. Men lèl te fin enskri e l te gen dat poul te tounen Ayiti, depatman afè te chanje plan yo. “Yo te relel pou dil ke viza tanporè li a te disponib kidonk, li pat vle tounen an Ayiti ankò”, Daprè Jesús.
Martine Augustin esplike: ´´kè Florestal tap sote, paskel pat konnen sil te fin siyen papye poul retounen nan plan imanitè a, si sa ta pral pote pwoblèm pou li¨. Sa vle di, pwogram nan pat prevwa sak tap pase ak yon moun ki te enskri epi ki te chanje lide.
Selon enfòmasyon depatman afè etranjè ak imigrasyon , Plan retou imanitè a te fini jou kite mèkredi 29 Me 2019 la, avèk 1.384 sitwayen Ayisyen ki te retounen Potoprens sou yon total nèf vwayaj ke FACh te reyalize.
Poutan, chif sa pi piti ke kantite moun ki te enskri nan plan, sa vle di kantite moun ki te siyen akò a kay notè. 2.978 Ayisyen te enskri ,gen plis ke mwatye ladan yo ki pat retounen nan peyi yo.
Rasis nan Chili ak politik diskriminatwa yo
Anplis sitiyasyon Florestal la, gen anpil kritik ke yo fè pwogram rapatriman ke gouvènman an te mete kanpe a. pi gwo denonsasyon yo se yon politik diskriminatwa kont sitwayen Ayisyen yo.
Men tou li prezante feblès peyi a genyen sou konsiderasyon dwa imigran yo, espesyalman nan dwa fanm ak dwa timoun.
Jean Claude Pierre-Paul, ki se yon travayè sosyal e ki se manb Mouvman aksyon imigran (MAM) di ke Leta genyen move entansyon lè li te kreye plan retou imanitè a, paske se yon pwogram ki gen anpil diskriminasyon epi ki vyole dwa imigran yo.
“Chili se yon peyi ki gen anpil diskriminasyon, se pa sèlman kont Ayisyen yo men kont Aymaras yo ak Mapuche yo. Peyi sa gen yon kilti diskriminatwa ki anrasine ladanl . sou plan entènasyonal , Leta peyi a di li konfòtab avèk etranje yo, men sou plan nasyonal se yon lòt bagay”, daprè Jean Claude.
Lisansye nan istwa, Ximena Vial esplike youn nan faktè ki favorize diskriminasyon kont kominote ayisyèn nan se yon aspè rasyal. “ Chili gen Rasis”,
daprè jijmanl, e li asosyel ak yon vizyon estereyotip ke yo fè apati de diferan karakteristik klas sosyal yo. “ pa ekzanp, yon moun ki blon se yon moun ki gen kòb. Tout sa yo gen pou wè ak kesyon rasyal”. Sitiyasyon sa afekte anpil kominote Ayisyèn nan selon pwofesè a, nan kesyon jwenn travay, li limite travay ak estigmatizasyon sou kijan yo wè popilasyon chilyèn nan.
Rapò anyèl sou dwa moun pou lane 2019 la, ke sant dwa moun nan inivèsite Diego Portales te reyalize, fè referans ak plan retou imanitè a ak sou kòman pwogram nan te konsantre sou kominote ayisyèn nan. Oparavan pwogram nan te fèt pou tout etranje kap viv Chili, men aprè vwayaj yo te rive fèt sèlman yon sèl kote ki se Pòtoprens, Ayiti. Paj entènèt Chile atiende a te di,“ nan premye etap la yap bay priyorite ak sitwayen Ayisyen yo. Yap etidye dosye etranje ki soti nan lòt peyi yo”.
Yon lòt kote, rapò a fè konnen ke mòd kondisyon ki nan pwogram nan afekte direktèman ak dwa moun ki nan kominote Ayisyèn nan. Prensipal aspè ki mete aksan sou karakè volontè plan an , paske entèrese yo siyen yon dokiman ki di yo dakò pou yo pa rete viv nan peyi chili, anpil moun te siyenl san yo pat byen konpran n kisa ki pwogram nan tout bon vre e gen anpil ka, ki te ka konsidere tankou yon aksyon dezespere, kote moun nan te pèdi tout lespwa.
Rapò a fè konnen gen imigran ki te patisipe nan plan an pou yo te ka “ evite depòtasyon oubyen paske genyen ki te nan prizon, gen kèk ladan yo ki te kondane pou anpil tan, epi twòp tan ak konplikasyon ki genyen pou antre yon fanmi , azil politik, genyen ki te riske tounen mandyan, move akèy oubyen leta te koupe èd yo”.
Gen yon seri kesyon yo te poze sou plan an ke yo te konpare avèk lòt plan konsa ki te fèt an Espay ak Itali, kote ke gen anpil moun ki te pwofite de plan an, youn nan prensipal objektif yo se te asire ke yo pral byen fonksyone nan peyi orijin yo. Nan ka peyi Chili a se pat menm bagay. plan an pat prevwa kisa ki ta pral pase aprè moun yo te rive Pòtoprens. konsa, depi moun yo te kite peyi a, leta Chili deresponsabilizel de yo, li pa gen poul bay sipò ekonomik oubyen sosyal lè yo rive Ayiti.
yon dènye aspè kritik sou rapò plan an se manke respè sou dwa tifi ak tigason imigran epi manke respè sou dwa fanm ak gason. Selon pwogram nan, menm si moun ki fè enskripsyon an gen lòt fanmi nan peyi a, desizyon an rete nan men “ chèf fanmi an”.
Nan ka minè oubyen timoun piti yo, tigason oubyen tifi ki siyen dokiman , yap “mete yo” sou yon chèz nan avyon an, san konsantman yo, san konnen si yo vle ou si yo pa vle rete Chili. menm bagay la pou medam imigran yo, paske depi li se madanm yon moun ki te enskri nan pwogram nan li dwe patisipe tou san konsantmanl.
Kontan paske l pat kite chili
Menmsi Florestal te enskri nan plan retou imanitè a, li te kontan paskel pat abandone Chili pou 9 ane. Gras ak viza tanporè li a kel te jwenn yon travay, ki pèmèt li voye kòb bay fanmil e sere ti kòb pou achte yon tikè pou l tal wè moun ki enpotan pou li yo Ayiti. Jou ki te 10 Desanm 2019, Florestal te deside vwayaje nan peyi natal li, li te deja marye ak madanm li. li jis tal pase kèk semèn vakans lin de myèl. Florestal te trè kontan, li pat wè fanmil depi 2 lane.
lèl te retounen Chili , PDI te tou kenbel, yo te aretel pou prèske yon jounen aprè yo te depòtel. Florestal ta pral pase kèk jou lakay zanmil Martine nan San Antonio, men zanmi an te pase tout yon week end san l pat pran nouvèl li. Martine te rele kouzin li an pou te esplikel tout sa ki te pase a.
Depòtasyon ilegal Mackendy Florestal
Jou ke te 20 Janvye 2020 an , nan demen , Florestal te rive kontakte Sergino Moreau, ki se dirijan kowòdinasyon Ayisyen nan Chili, ki te edel jwenn yon avoka e manb konsiltan sou zafè imigrasyon Rodolfo Noriega pou edel nan ka sa. sanl pa resevwa kòb pou travay sa, Noriega depoze yon plent menm jou sa, nan kou dapèl Santiago kont sou sekretarya ministè enteryè.
Nan dokiman sa li fè konnen ke PDi te kenbe Florestal san yo pat resevwa lòd yon otorite konpetan, san l pat komèt okenn krim, ni yon enfraksyon, e aprè yo te depòtel de manyè ilegal. Daprè agimanl yo Florestal te genyen yon yon rezidans tanporè nan peyi Chili. Pou apiye sal di a, li voye yon kopi tikè Florestal te achte jou ki te 10 Desanm 2019 la, pou montre se li ki te achte tikè l ak kòb pa l.
Yon vòl PDi envante ak konfizyon nan mitan Jij yo
Aprè onz jou, responsab nasyonal imigrasyon ak polis entènasyonal yo te voye yon rapò nan kou dapèl. Yo fè konnen ke entitisyon yo aji selon lalwa lè yo te arete Florestal la e lè yo te depòtel la, paske li te siyen yon dokiman ki di lap kite peyi a ak volontel e ke desizyon sa te rann viza li a san efè e ranplase demand legalizasyon li an.
Anplis, yo ajoute yon fotokopi kòm prèv nan liv anbakeman an ki gen pou dat 21 Janvye 2019, dat sa selon PDI, se dat Florestal te vwayaje nan pwogram nan. Poutan daprè enfòmasyon ki soti nan Ministè Enteryè, daprè demach ki fèt, li di FAch pa t gen vòl nan dat sa. se te pito nan dat 22 janvye ak 150 pasaje.
Se nan kontèks sa, Avoka Aquiles Valdebenito Diaz, ki se reprezantan Depatman afè etranjè ak imigrasyon (DEM), te fè konnen Mackendy Florestal te patisipe nan plan imanitè retou òdone a jou ki te 11 Janvye 2019. Sa ki kontredi ak siyati akò Florestal te siyen jou ki te 30 Oktòb 2018 la. Nan kad repòtaj sa nou te kontakte DEM, men yo pat fè nou repons.
Noriega fè konnen tout jij yo te tonbe nan konfizyon paske papye reponsab nasyonal imigrasyon yo te prezante nan kou dapèl yo, tankou fotokopi liv debakman an pat menm ak lis non moun ki te patisipe nan vòl la . Pa gen okenn lis PDI ki ka pwouve Florestal te vwayaje nan dat sa, nan sikonstans sa sètifika sa pa valab.
Jij yo pa aksepte apèl pwoteksyon avoka a. jou ki te 8 Fevriye 2020 an, avoka a te depoze yon rekou nan kou siprèm, men yon lòt fwa ankò Florestal te pèdi.
“Malerezman tout moun ki te patisipe nan plan sa pèdi espwa ke yo pap ka tounen , yo oblije aksepte sa leta Chili enpoze yo a paske pòt an bwa pa ka goumen ak pòt an fè . Noriega fè konnen li pa fasil pouw goumen ak pouvwa”. Florestal pat eseye tounen Chili ankò, li aksepte li pèdi batay la.
Nou Nan moman lapli an Ayiti, Florestal pran lari chak jou pou wè sil te ka jwenn yon kote poul degajel pou pran swen fanmil. Manman l te mouri, papa l malad e madanm li ansent. li santi l fristre. De lane anvan li te jwenn posiblite pou l vwayaje Chili, men yon senp papye li te siyen konplike lavi l ak anpil lòt konpatriyòt li, ke yo pap ka rantre Chili.“ La vi m se lòt bò a, Chili ap tann mwen”, daprè refleksyon Florestal pandan lap konte nan konbyen ane poul tounen Chili. Li rete uit ane poul tounen Chili, men tan an sanble pa mache sou zile a.
Reyalize nan kad kou Jounalis envestigasyon ak pwofesè Javier Ortega nan lekòl jounalis UDP.